Pwojè sa a te kreye pou asire ke tout moun ki enplike nan òganizasyon nou an, swa kòm anplwaye, volontè, oswa moun k ap resevwa sèvis, kapab viv ak travay nan yon anviwònman ki san danje, respekte, e san fòm eksplwatasyon, abi, ak asèlman seksuèl (SEAH). Objektif nou se pwoteje tout moun kont SEAH epi ankouraje yon kilti kote respè ak diyite moun yo se priorite.
- Enseignant: Michelot Jean Claude
- Étudiants inscrits: 8
Cette formation vise à vous fournir une compréhension approfondie des éléments clés liés aux salaires, de manière à vous permettre de gérer efficacement les obligations légales et fiscales de votre entreprise.
- Enseignant: Michelot Jean Claude
- Étudiants inscrits: 14
Objektif kou a se kat pwen enpòtan nou bezwen kouvri:
- Konprann diferan tip fwod finansye ki ka afekte fondasyon an: Nan premye pati sa a, nap dekouvri diferan kalite fwod finansye ki egziste. Nap gade kouman yo fonksyone epi ki jan yo ka afekte fondasyon ou.
- Idantifye zòn ki risqué nan operasyon finansye òganizasyon an: Nan dezyèm pati sa a, nap aprann kouman pou idantifye zòn ki risqué nan operasyon finansye òganizasyon an. Sa pral ede w wè kote ki gen plis chans pou fwod rive epi pran mezi pou pwoteje yo.
- Aprann mete an plas politik ak pwosedi pou fè prevansyon kont fwod: Nan twazyèm pati sa a, nap travay sou devlope ak aplike politik ak pwosedi ki ka anpeche fwod. Se yon etap esansyèl pou pwoteje òganizasyon w kont pèdi lajan ak resous.
- Kòman pou reaji lè ou sispek yon ka fwod: Nan dènye pati sa a, nap wè ki jan ou dwe reaji lè ou sispèk yon ka fwod. Nap gade kisa pou fè, kijan pou fè rapò, epi kijan pou kolabore ak lòt manm nan òganizasyon an pou adrese sitiyasyon an efektivman.
- Enseignant: Michelot Jean Claude
- Étudiants inscrits: 7
Kou sa ap aprann nou kisa Fonkoze ye, misyon l ak vizyon li, ki kote li soti, nan ki zòn l ap travay, ki diferan pwogram ak depatman li genyen.
Lè ou anboche kisa l ap ofri w an TÈM avantaj sosyal. L ap pale w sou kòd etik enstitisyon an. Li pale tou sou peryòd pwobasyon epi evalyasyon pèfòmans, elatriye.
- Enseignant: Samuel ADELSON
- Étudiants inscrits: 9